Jezi-Kris: Pen Lavi A

« Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa’t ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa’m k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an. Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. Yo di li: Mèt, toujou ban’n nan kalite pen sa a. Jezi di yo: Se mwen menm ki se pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo » (Jan 6:32-35).

Sifizans Jezi-Kris pou lavi nou fòse nou wè bay Jezi-Kris do tankou se pwòp tèt nou nou kondane. Zak sa te komèt depi nan Jaden Edenn nan pase sou Inondasyon an pase nan Tou Babèl la pase nan destriksyon lavil Sodòm ak Gomò a pase nan rebelyon pèp Izrayèl la rive nan rezistans rès pèp Izrayèl la. Malgre tout zak malonèt sa yo ki mete separasyon ant lèzòm ak Bondye Tou pisan an, grandè lanmou Li a toujou rete tankou yon gazolin ki fè flanm souf lavi ki nan lòm nan toujou ap monte desann andan pwatrin li. Pa gen moun ki ka kenbe souf ki nan li a san patisipasyon Kreyatè a. Moun ki panse li ka demanti koze sa e byen se tan’l la’p pèdi. Pou yon moun fè 40 jou san manje san bwè se yon bagay lasyans pap janm ka eksplike: « Seyè a di Moyiz ankò: Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra’m lan avè’w ansanm avèk pèp Izrayèl la. Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje pen san bwè dlo. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo » (Egzòd 34:27-28). Mwen pa konnen si’w remake mo ‘pen’ a ke yo itilize nan plas ‘plat manje’. Menm mo ‘pen’ sa gentan fè nou wè yon pati senbolik nan rankont sa ki te fèt ant moun (Moyiz) ak diven an (Bondye). Pandan sijè a ap dewoule na va montre nati ak impotans ‘pen’ nan lavi lèzòm.

Bondye te pase lòm yon sèl lòd ki te avèti’l pou’l pa manje nan pye bwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal. Se prezans pye bwa sa ki te bay lòm posiblite pou’l te ka met an aksyon volonte pa’l—libète san kondisyon pou’l obeyi oswa dezobeyi. Lanmou san limit Bondye a bay lòm tout dwa pou’l aksepte oswa rejte, men si’l te konn ki konsekans kap tann li si’l rejete Kreyate’l la li pa ta janm pran chans dezobeyi. Ni pye bwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la, ni pye bwa ki bay lavi a gen enpòtans yo: si lòm manje nan premye a lap tonbe sou malediksyon yon chatiman etènèl men si’l manje lòt la, la va jwen lavi ki pap janm fini a (Jenèz 2:17).

Se pye bwa ki bay lavi a ki te kenbe lavi ki p'ap janm fini an nan Adan ak Èv ; e se sa ki fè li enposib pou lòm, a tout li te kreye nan imaj Bondye, pou’l te ka gen lavi san fèn andan’l ou byen san depandans Letènèl. Seyè a te bay lòm tout libète pou’l te manje « ... donn tout pye bwa ki nan jaden an ... » (Jenèz 2:16). Andan jaden an, se pye bwa ki bay lavi a ki te gen yon siyifikasyon senbolik. An’n pran Jan 11:25-26 pou’n ka jayi yon limyè sou sa; Kris la, ki se sous lavi a, e byen se li menm menm ke pye bwa lavi a te reprezante. Dezobeyisans Adan ak Èv la te louvri pòt la tout lajè pou peche te ka non sèlman antre, men epi tou detwi tout sa ki sou la tè e se pou tèt sa yo pa't ka kontinye manje nan pye bwa ki bay lavi a sòf si yo ta tounen pechè imòtèl (Jenèz 3:27). Lè yon moun ta tounen yon pechè imòtèl sa ta vle di mizè san fen pou limanite. Nan kondisyon sa, lèzòm t'ap fè tout rès lavi’l nan soufrans. Se pa kalite lavi sa ke Bondye te kreye lòm pou’l te viv. Se sèl lanmò ak rezireksyon Jezi-Kris ki te ka rezoud tèt chaje sa lèzòm te tonbe ladann nan.

Lè nou analize istwa kreyasyon an, nou dekouvri lè lòm te resevwa lòd ki te di’l sa pou’l te manje a nan sizyèm jou a, manje sa te gentan la nan twazyèm jou a. Sepandan, Bondye te bay lòm de kalite kòmandman: [1] yon repa inivèsèl ki sou tout latè (Jenèz 1:29) [2] Yon lòt repa espesifik ke’l te jwen andan Jaden an (Jenèz 2:16-17). Manje te toujou nesesè pou lòm te ka viv chak jou. Depi latè te kreye, chak peyi sou latè te toujou gen kalite ‘pen’ pa yo pou abitan yo te ka toujou manje ; swa pen an te fèt ak ou san ledven, swa pen an te fèt ak farin ble ou farin frans. Dèske preske tout bagay lèzòm ap manje toujou gen yon mòso pen bò kote’l, sa ta fè’n konprann ke lavi lòm repoze’l sou pen menm jan resèt lavi etènèl la repoze sou ‘Pen Lavi A’.

Pouvwa grangou genyen an tèlman fò, li fè lèzòm fè anpil zak malonèt— pwostitisyon, fè kado dwa denès (Ezaou), vòlè, bay manti ak anpil lòt zak. Lè vant lòm pa gen anyen andan'l, sèvo a konn ki jan pou’l fè’l konn sa. E grangou spirtiyèl la? Eske lèzòm pechè paka santi yon twou vid, yon twou vid pou bagay espirityèl, yon twou vid fas ak difikilte lavi yo, yon twou vid lè tantasyon fè sa’l kapab pou’l fè’l peche, yon twou vid ki fè’l gen anvi pou lanmou Bondye, yon twou vid ki fè lòm ta dwe gen anvi renmen pwochen’l? Ki jan lòm ka rekonet ke’l bezwen ‘Pen Lavi A’? Eske yon vant ki plen diri ak sòspwa, makawoni gratine, gato ak poudin taka sifi pou’l konble tout twou vid ki nan lavi lèzòm? An reyalite, èske lòm gen yon bagay andan'l ki pou di’l ke’l grangou espirityèlman? Kontrèman ak grangou natirèl ki jwenn siyal kot sa ki bezwen manje a (vant), grangou spirtiyèl li menm jwenn siyal pa’l nan sous manje spirityèl (Jezi ‘Pen Lavi A’)—« Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si’l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè’l, la manje ansanm avèk mwen » (Revelasyion 3:20). Pechè ki va louvri pòt la se li ki va konfèse ke’l soufri grangou spirityel.

Pèp Jida a te abandone Letènèl pou yo te ka al sèvi Baal e sa te lakòz ni kò yo ni lespri yo te vin soufri grangou. Anpil nan yo te vin oblije pati kite Betleyèm pou yo ta’l nan peyi Moab pou yo te ka jwen kichoy pou yo te manje. Non sèlman Betleyèm vle di ‘lakay pen’ men tou, se nan vil sa Kris, ki se ‘Pen Lavi A’, te fèt. A la bagay dwòl lè nou gade pou nou wè ke Betleyèm se sous ni ‘pen’ fizik ni ‘pen’ spirityèl e pi pèp lavil sa t'ap soufri pou tou lè de !

Pou’n antre danble nan sijè a, nou dwe rasanble tout eleman esansyèl yo pou’n ka montre sa sa vle di ke Kris se ‘Pen Lavi A’. Ki sa ki spesyal nan ‘pen’ ki fè ke’l ka reprezante Jezi-Kris?

1.      Bondye itilize mo ‘pen’ an nan plas ‘manje’ lè’l t'ap bay Adan konsekans peche’l la: « Se swe kouraj ou ki pou fè’w mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote’w soti a » (Jenèz 3:19).
2.     An de fwa, se ‘pen’ Sovè a te miltiplye pou’l te ka bay tout pil moun yo manje—5,000 ak 4,000: « Apre sa, Jezi pran Sènk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo » (Mak 6:41). « Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso…” (Mak 8:6).
3.      Nou jwen ‘pen’ nan la pryè disip yo : « Pen nou bezwen an, ban nou’l jòdi a » (Matye 6:11).
4.     Jezi te teste lafwa fanm peyi Kanaran an lè’l te di’l konsa : « Sa pa bon pou’m wete pen nan bouch timoun yo pou’m jete’l bay chen » (Matye 15:26).
5.      Pa gen Sènt Sèn san ‘pen’ : « Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen » (Matye 26:26).
Nou jwen siyifikasyon senbolik ki fè yo rele Jezi ‘Pen Lavi a’ nan tou lè de kontra yo depi nan Jenèz jouk nan Revelasyon. N’ap fè analyz li nan jan pèp Bondye a te konn manje’l, nan fèt yo te konn fete, nan premye ak dezyèm kontra yo.

1.     Lè pèp Izrayèl la te fin fè yon pakèt tan ap plenyen nan zorèy Moyiz, yo te vin manje, nan fòm senbolik, ‘Pen Lavi a’ pandan 40 tan. Ki pi bèl benediksyon pèp Izrayèl la te ka jwenn lè’l te resevwa, chak jou Bondye mete, yon manje ki soti andan vant syèl la ! Manje sa ke yo te manje chak jou a se te yon maje ki te pi, semp, natirèl, e’l te chaje ak vitamin. Li te rele 'laman'. Se pa lapryè yo te lapryè pou li non plis. A la yon pèp beni papa ! Apre yon bon bout tan, yon lòt fwa ankò, yo tonbe plenyen nan zorèy Moyiz paske yo te vin bouke manje laman an. A la bagay dwòl! Pou yon pèp jwenn yon manje ki soti andan syèl la e pi li rete konsa li bouke avè’l. Kounye a yo pa't vle manje lòt bagay ke chè mouri yo te konn fè safte pou li a nan peyi Lejip: 'vyann'.

Ki konsekans pèp sa ta dwe resevwa dèske yo pa't vle kontinye manje ‘pen’ ki sot nan syèl la ? La bib fè nou konprann ke lè pèp Izrayèl la te bouke manje laman, se ak Bondye menm yo te bouke; lè yo te rejte laman an se Bondye menm yo te rejte : « … n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje’l ban mwen. Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni vin jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje. Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje’l jouk l'a soti nan twou nen nou, jouk n'a rebite’l, paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an … » (Resansman 11:18-20).

Menm jan pèp Izrayèl la te rejte Letènèl, ann gade pou nou wè si lemond pa fè menm jan an nan vèsè ki swiv Jan 3:16—vèsè ki pi popilè a, vèsè ki fè tout moun santi yo alèz la. Pandan Jan 3:16 ap montre nou kijan lanmou Jezi a pa gen prejije ladann, Jan 3:19 li menm ap fè nou wè ke lanmou a pa retounen al jwen mèt li : «…Limyè a te vini nan lemond, men lèzòm te pito fènwa a pase Limyè a, paske se move zèv sèlman y'ap komèt nan la vi yo. »

2.     Sanktyè a, ki te bay Izrayèl yon ti apèsi sou kalite sakrifis Jezi te dwe sipòte pou moun ki jis yo, te gen yon pakèt anblèm ladann ki te la pou reprezante Sovè a. Pami yo, nou jwen ‘pen’ ki pou te sou tab la tout tan (Egzòd 25:30). ‘Pen’ sa ki te dwe toujou la—ansyen kontra—pa’t reprezante okenn lòt bagay ke Seyè a nan lachè—nouvo kontra. Pandan Bondye t'ap detaye chak anblèm Sanktyè a bay Moyiz, li te peze pi plis sou fonksyònman ak itilite douz mòso ‘pen’ yo : « W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin. W'a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Seyè a, sis pen nan chak ran. Apre sa, w'a pran lansan bon kalite, w'a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w'a ofri nan difè bay Seyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri. Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase. Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan difè pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan » (Levitik 24:5-9).

3.     Nan fèt Izrayèl te konn fete yo, se ak ‘pen san ledven’ sèlman yo te dwe sèvi.
a.     Lè yo t’ap fete Pak la yo te dwe manje vyann mouton «… boukannen … apre sa, … manje’l avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman » (Egzòd 12:8).
b.      « …Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo. W'a pran bon farin frans, w'a fè kèk pen san ledven , kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa’t la. W'a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil » (Egzòd 29:1-2). Tout sa yo te sèvi lè yo t'ap konsakre sakrifikatè yo.
c.      Tout pen yo te vin ofri Bondye te fèt ak farin ki pa't gen ledven ladann (Levitik 2:4).
d.     Fèt ‘Pen San Levden’ an te dwe fete ak pen san ledven pandan 7 jou (Levitik 23:6).
e.     Seremoni pou konsakre Nazareyen yo te gen ‘pen san ledven’ ladann. « Men sèvis yon nazareyen va fè lè tan pou’l kenbe ve’l te fè a bout. L'a ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Seyè a… L'a ofri tou yon panyen pen san ledven » (Resansman 6:13-15).
Malgre nou wè tout seremoni Jwif sa yo te gen ‘pen san ledven’ ladan yo, pen sa te gentan egziste lontan anvan sa. Liv Jenèz la se premye kote nou wè ke ‘pen san ledven’ te kwit pou te bay zanj ki te vin sove lavi Lòt yo (Jenèz 19:3). Ki sa ‘pen san ledven’ gen pou’l wè ak ‘Pen Lavi a’ ? Sèl manyè pou ‘pen’ ka reprezante Jezi-Kris fo’l ka pi e fo’l ka sen menm jan ak chak ti mouton yo te konn itilize nan sakrifis yo. Pou ki rezon ? Letènèl te rejte tout ti mouton ki te gen defo—swa mak sou kò’l, swa defòmasyon—defo sa yo pa’t reprezante lòt bagay ke ‘ledven’ ki nan pen an.

1.   Yon chèf te dwe « … mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite … » (Levitik 4:23).
2.   Yon moun nan mitan pèp la dwe « … mennen yon fènmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite … » (Levitik 4:28).

Se sèl ‘pen san ledven’ ki te ka reprezante Kris kòm ‘Pen Lavi A’, ki te san peche, paske ledven vle di peche o swa defòmasyon. Lè ledven antre nan pat pen an li fè’l leve li fè’l gonfle (sa se logèy) men pat ki pa gen ledven rete tou plat (sa se imilite). Pòl te oblije reprimande moun la vil Korent yo ki t'ap mal mennen bak yo : « Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pat la leve. Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pat ki fèk bat, san ledven ladan’l. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri’l bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la. Se pa pou’n fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete’l avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo » (I Korent 5:6-8).

Anvan Jezi te manje yon dènye fwa ak disip li yo anvan’l te fè kado lavi’l sou kwa a, Li te fè yon dènye kout volan kite bay disip yo anpil tèt fè mal. Pou ki rezon’l te fè sa ? Si mirak Jezi yo, chak fwa’l disparèt nan mitan foul moun yo, chak mò li te rebay lavi, chak repons li te bay menm kote lènmi’l yo t'ap chache yon jan pou yo te pran'l nan pyèj, si tout bagay sa yo te sezi lespri disip yo, ki kalite pawòl ki te ka gen pi plis pisans pase tout bagay sa yo ? Nou te ka di ke pi gwo bagay Kris la mande disip li yo pou yo fè se—pote kwa’w chak jou o swa renmen lènmi’w yo ? Se pawòl nou pral li a ki te sèvi tankou yon manchèt byen file pou fann de bout disip ki t'ap swiv Jezi yo (1) si la yo ki t'ap swiv Li ak tout kè yo (2) si la yo ki pa't kanpe sou anyen.

« Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje. 32 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa’t ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa’m k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an. 33 Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. 34 Yo di li: Mèt, toujou ban’n nan kalite pen sa a. 35 Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo. 36 Men, mwen te di nou sa: nou wè’m, men nou pa kwè toujou. 37 Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. 38 Paske, se pa pou fè volonte pa’m mwen desann sot nan syèl la, men pou’m fè volonte moun ki voye’m nan. 39 Men sa moun ki voye’m nan vle: li vle pou’m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou’m fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. 40 Men sa Papa’m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou’m fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. 41 Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. 42 Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa’l ak manman’l. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la? 43 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. 44 Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye’m lan pa rele’l vini. Mwen menm, m'a fè’l leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. 45 Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap montre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa’l montre yo, y'ap vin jwenn mwen. 46 Sa pa vle di gen yon mpun ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a. 47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. 48 Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. 49 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, atousa yo mouri. 50 Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. 51 Se mwen menm ki pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou’m bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi. 52 Pawòl sa yo fè Jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: Kouman nonm sa a kapab ban nou kò’l pou’n manje? 53 Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. 54 Moun ki manje kò’m, ki bwè san’m, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou’m fè’l leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a. 55 Paske kò’m, se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. 56 Moun ki manje kò’m, ki bwè san’m, y'ap fè yonn avè’m, epi m'ap fè yonn avèk yo tou. 57 Papa ki voye’m lan, li vivan. Se pou Li m’ap viv. Konsa tou, moun ki manje’m, m'a ba yo lavi. 58 Men pen ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a, paske pen yo a pa’t anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan. 59 Jezi te di pawòl sa yo antan’l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay. 60 Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: Pawòl sa a twò rèd. Ki moun ki ka aksepte’l? 61 Jezi te gen tan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: Gen lè pawòl sa vekse nou anpil, pa vre? 62 Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote’l te ye anvan an? 63 Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi. 64 Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi’l yo) 65 Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li. 66 Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè’l ankò. 67 Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: Nou menm, nou pa vle ale tou? 68 Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou’n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. 69 Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a » (Jan 6:31-69). Nou te pito make mo ki pi inpotan yo nan pasaj sa olye pou nou ta fè yon etid ki teka depase dis paj. Sa nou dwe remake se vèsè 50 ak 51 ki eksplike nou ke Jezi (‘Pen Lavi A’) egal ego ak ‘Pyebwa Lavi A’ (Jenèz 3:22) ; nimpòt moun ki ta manje yonn nan yo va eritye lavi ki pap janm fini a.

Verite nou sot li nan pasaj sa patka ret sekrè. Pou ki rezon ? Yonn nan rezon yo se te pou Jezi te ka prepare disip li yo pou dènye soupe yo tapral manje ansanm ak Li a. Pou yon moun ka manje sou tab gani sa, ke nou tout konnen ke yo rele Sènt Sèn, li dwe konprann ak kwè ke Kris se ‘Pen Lavi A’ ki te vin mouri pou peche lèzòm. Nimpòt moun ka di li kwè nan Jezi ; men se yon lòt bagay lè yo ta mande’l pou’l bay prèv. E sèl jan pou’l bay prèv sa se lè’l ta va manje kò moun yo rele ‘Pen Lavi A’. Se aksyon solanèl sa ki genyen nan Sènt Sèn Kretyen an ke okenn lòt seremoni relijye pa genyen.

Pou Jezi te ka fè’n konnen empotans sa’l te pale nan Jan 6 la, Li te repete menm koze a nan seremoni Sènt Sèn nan : « Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase’l, li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen » (Matye 26:26). Apot Pòl te ale pi lwen toujou lè’l te fè kwayan vil Korent yo realize ki kalite konpòtman yo te genyen le yo t’ap manje kò Jezi-Kris la : « Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje. Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè. Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen, lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen. Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen. Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an. Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a. Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri fèblès, san konte sa ki mouri déjà » (I Korent 11:20-30).

Nou jwenn vèsè kle ki enfome nou ke lòm dwe konplete ‘pen kotidyen’ ak ‘Pen Lavi A’ nan repons Mesi a te bay lè dyab la te ba’l yon defi : « Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman. » (Lik 4:4). Dèske nou jwen ‘Men sa ki ekri’ nan repons Jezi a, sa fè nou konprann ke pèp Izrayèl la te gentan abitye ak pawòl ‘Moun pa ka viv ak pen sèlman’. Nou jwenn li nan Resansman 8 vèsè 3 : « ... se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv »

Menm jan Izrayèl te manje laman pandan li t’ap travèse dezè a e’l te sispann manje’l lè’l tapral rantre Kanaran ; se menm jan tou nou dwe manje ‘Pen Lavi A’ nan fòm senbolik li (Sent Sèn) ak nan fòm ekriti a (labib) pou jis kaske nou rantre nan papòt syèl la. « Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran » (Egzòd 16:35).

Yon sèl jan pou nou grandi spirityèlman se lè nou pa janm sispann manje ‘Pen Lavi A’ : « Tankou timoun ki fènk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt. Paske, nou deja goute Mèt la, nou wè jan’l bon. Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye’l jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi’l. Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi’l tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, nan non Jezi-Kris, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè’l plezi » (I Pyè 2:2-5).

Eske ou gentan pran abitid manje ‘Pen Lavi A’ pou lespri’w ka jwen tout vitamin spirityèl ke’l bezwen yo ? Si’w poko, ki sa wap tann pou’w fè sa ? Fè tankou Jezi nan tout bagay ! Li te ranpòte laviktwa ni pandan 40 jou nan dezè a ni pandan tout rès tan’l te fè sou tè a paske’l te manje manje’l te pi renmen an—Volonte ak Travay Papa’l. Si’w poko janm goute manje sa, ou poko janm konn gou bouch ou ! « Manje pa’m, se fè volonte moun ki voye’m lan; se pou’m fin fè travay li ban’m fè a » (Jan 4:34).

"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17