Men Sa Nou Ye

Rock Missionary Ministries te fonde nan lane 2008 pa Obest François apre ke’l te jwen yon revelasyon nan men Bondye; sa te pase nan dezyèm ane etid teologik li nan Oakwood Univèsite. Pandan tan sa a, li te pat’t mete etid li pi yo pase RMM. Gen reyinyon ki te fèt detanzantan ak manm RMM yo pou yo te ka rete sou de jenou e pou yo te pataje tout kalite panse ki te gen rapò ak devlopman Ministè a. Apre’l fin resevwa enspirasyon an nan men Senyè a pou’l te met Rock Misssionary Ministries sou pe, li te pataje mesaj la ak anpil lòt elèv nan entansyon pou yo te met tèt yo ansanm pou yo te ka travay chantye misyonè a menm jan premye disip yo te konn fè. Banyè Levanjil la dwe, yon fwa ankò, jwenn wout li pami tout nasyon, tout lang, tout tribi ak tout pèp pandan RMM ap fè zèv pa la fwa.

Ane 2008 la te yon sezon siklòn ki tèlman fè dega, yo te klase’l nan katriyèm pozisyon nan mitan tout lòt sezon ki te pase yo depi lane 1944. Nan menm ane sa, Ayiti te sibi anpil move tan ki te la kòz anpil dezas. Kat siklòn fewòs te frape emisfè lwès la: Hanna, Ike, Gustav ak Josephine. Dènye a te ravaje yon bon pati Ayiti. Yo te estime ke 10,000 moun atravè kat kominote te oblije kite kay yo ; e anplis ka sa te gen preske 1 milyon lòt moun ki te oblije kite zòn kote yo te rete a pou yo t’al rete lò kote. Dega ak konsekans siklòn sa te bay anpil tèt chaje nan lavil Gonayiv.

Nan konpasyon Li, Bondye ki pa jan’m sispann pran swen lezòm, te gade e’L te wè valè chagren ak tristès ki tap siyonnen kè pèp Ayisyen an. Kidonk, li te met Rock Missionary Ministries sou de pye pou’l patisipe nan pwoklamasyon Bon Nouvèl Wayòm nan pa mwayen Pawòl Bondye a ansanm ak bon zèv.

Nan sal resepsyon « Carter Hall » nan Oakwood University, Obest François te kanpe ansanm ak lòt elèv yo e se konsa li t’ap gade, ak anpil tristès ak kè sere, Nouvèl ki t’ap rapòte dezespwa popilasyon Ayiti an ansanm ak lòt dega ki te fèt nan anpil lòt peyi. Se tout tèt chaje sa yo ki te motive RMM, san pedi tan, pou’l te kòmanse pataje Levanjil la. Frè François te louvri kè’l bay Bondye pou’l te di’L mèsi pou kè konpasyon Li ba li, lanmou li gen pòv yo, ak zèl pou’l preche Bon Nouvèl la bay tout moun ki poko remèt Seyè a la vi yo.

Premye rankont Rock Missionary Ministries te fèt le 17 Oktòb 2008 andan biwo “New Beginning” nan Oakwood Universite, ak ansyen manm sa yo: Sara kanpe, marye Russell, Silvadnie Quainoo ak Obest François. Reyinyon an te kòmanse ak yon sesyon lapriyè ki te gen kòm objektif pou Seyè te revele yo non ministè a. Apre sesyon lapriyè a, yo te vin dakò ke ministè a t’ap rele "Rock Ministry". Tout manm yo te dakò pou ministè te kanpe e fonde sou Wòch ki pa gen ni komansman ni fen, Jezi-Kris, e se tout metod li yo RMM pran angajman pou’l mete an pratik sou direksyon Lesentespri.

RMM pran tout detèminasyon pou’l: (1) pwoklame Bon Nouvèl Wayom nan k’ap anonse retou Jezi (2) bay asistans medikal pandan travay misyonè (3) fè kado manje ak rad (4) bati òfelina pou moun san manman, san papa, ak san kay (5) bay tout kalite sèvis ki nesesè pou moun ki pòv yo, timoun yo ak fanmi yo.

Pi gwo eprèv ke RMM t’ap fè fas ak li se degouman ak zèl ke manm li yo manke ; yo kòmanse byen cho epi apre yon ti tan yo vin frèt kou mab. Sepandan, an 2013, Bondye te enspire yonn nan sèvitè’L yo, Pastè Edouard Remy, pou’l te ka vin yon lidè fèvan nan Rock Missionary Ministries. Akòz talan Bondye ba li nan teknoloji e dèske li toujou soumèt li anba Lesentespri, li te pran anpil pasyans pou’l te bati sit entènèt Rock Ministries a. A travè gwo konbit travay sa, levanjil Jezi Kris la ka rive atenn anpil moun atravè lemond pa intenèt.

Sete nan mwa Out 2013 ke Rock Missionary Ministries te fè premye toune misyonè li nan lavil Borgne, Ayiti. Ministries la te desann ak yon kokenn staf Paste, Lekte Biblik, Doktè ansanm ak enfimyè. Pi gwo objektif Rock Missionary Ministries se pou’l akonpli Levanjil pratik la nan lavi tout moun ki sou latè.

RM Ministries pran detèminasyon pou'l amelyore lavi tout moun nan lemond antye, men sitou nan peyi d'Ayiti. Nou gen devwa pou'n sipòte fanmi yo, fè yo jwenn la sante, fè yo jwenn dlo ak kote pou yo rete, e n'ap fè kou'n kapab pou'n bay jarèt nan moman kritik yo. Nou gen pou’n bati sant de fòmasyon infomatik pou'n ka amelyore lavi tout elèv ki rete nan zònn yo pa bay valè yo. Anba menm devouman sa a, n'ap gen pou nou distribiye bous detid bay elèv ki paka peye lekòl yo. Teknoloji san limit gen pou'l antre nan tout zònn ki pa genyen. Pi gwo anvi nou gen sou kè’n, se fè ti moun kou granmoun aprann li ak ekri e nap fè sa nan laboratwa aprantisaj dènye modèl.

Tout moun, san eksepsyon, gen dwa pou yo jwenn opòtinite nan lavi a, tout dwa pou yo rankontre siksè, e tout dwa pou lavi yo kapab amelyore. Tout sa nou gen pou'n regle va pou benefis jenerasyon sa. Tout moun te kreye egal ego, e chak grenn moun gen yon responsablite anvè tout moun ki nan bezwen. Se pou tèt sa, chak moun gen dwa pou'l jwenn pwoteksyon kont agresyon mantal (jouman ak presyon) ou fizik (seksyèl ak baton), ak tout lòt kalite abi. Lè gen dezas, manb RMM yo ansanm ak volontè ap gen pou yo sove, sekirize, e relokalize tout moun ki viktim anba inondasyon, tranbleman de tè, siklòn, ak tanpèt. Nou konte met sou pye kanpay evanjelik pandan tout ane a chak ane. Legliz va gen pou bati selon nesesite.

RM Ministries senbolize integrite, diyite, lwayote, ak senserite. Nou se ambasadè le syèl sou la tè e nou te jwenn lòd pou nou pote Levanjil la pa Pawòl Etènèl la, pa lanmou nou, pa zèv ki soti nan la fwa nou, e pa don spirityèl nou. Nou se yon òganizasyon san profi ki bay tout li menm pou'l ede ti moun, fanmi, ak tout kominote yo pou yo ka soti nan mizè povrete, mizè maladi, ak injistis sosyal. Nap chache tout moyen pou'n travay avèk moun ki nan pi plis mizè yo. Nap bay tout moun sevis san nou pa gade sou relijyon yo, nasyonalite yo, ras yo, edikasyon yo, kilti yo, si yo se fi ou si yo se gason. N'ap gen pou nou pote yon revolisyon nan lemond antye. Ki jan? Premyèman ak lanmou e konpasyon nou, dezyèmman ak materyèl ki ka fè chak fanm, ti moun, gason benefisye san pati pri. Lavi moun sa yo va chanje e se konsa ya va temwanye grandè Bondye.

Misyon Nou

Jwe wòl yon entèsesè pou sak pa genyen yo ak sa pa kapab yo, fè moun ki nan mizè yo jwenn lavi miyo pandan ke n'ap amelyore edizkasyon yo avèk konkou teknoloji.

Vizyon Nou

Nou gen vizyon pou nou leve figi sosyete a pa la pryè pou yo ka imite zèv ak pèsonalite Jezi-Kris.

Pawòl ki Idantifye Nou

Viv pou Jezi, An'n renmen tankou Jezi, Pale de Jezi (VAP).
"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17