Jezi-Kris: Zanj Letènèl la

« Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil.Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye’l nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote’l. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen’l. Chemen li te pran pou’l vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa. M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l' pou’m fè respè tèt mwen, pou’m kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè’m lan. Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye san-katreven-senk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri » (Ezayi 37:32-36).

Mwen ta renmen kòmanse pa adrese enpòtans pou’n ta ni rekonèt ni kwè ke Emanyèl ak El Shaddai se yon sèl Bondye. Si kwayans sa poko nan ou, mwen ta renmen egzòte'w pou ta prye anvan’w ta li « Jezi-Kris : Dye Tou-Pisan » paske se kwayans sa ki ka fe’w vole baryè k’ap anpeche anpil moun rekonèt ke Kris la se Bondye. Sonje ke se lè ou ouvè ke’w a tout verite yo ki nan Bib la ke le Sentespri a ka kanalize sa Seyè a te pwomèt tout brebi’l yo anvan'l te monte nan syèl: « Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa’l. Men, la va di’n tout sa’l tande: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive » (Jan 16:13).

Gen anpil kwayan ki jouk kounye a gen yon defi yo paka leve. Ki sa defi sa ye ? Jwenn aksyon ak prezans Jezi nan liv Ansyen Testaman an. Gen kèk ki rale loup yo pou yo ka jwen kote pye Jezi te pile depi Jenèz pou rive nan Malachi. Si tout Bib la pwente dwèt sou Jezi, èske se nan Nouvo Testaman an sèlman nap jwenn li? Si’l la, eske’l fasil pou nou jwenn Li? Pou’ n devwale Sovè mond la anvan li te tounen moun, nou ta dwe ka rekonèt li nan langaj li, nan repons li, nan ale vini ke’l fè avèk lèzòm.

Se tout bagay nou gentan gen nan lespri nou ansan ak move ansèyman ki di nou ke Ansyen Testaman an pa gen valè anko ki fè'l vin pi difisil pou’n ta rekonèt prezans Jezi anvan li te tounen moun. E si nou t'ap prye jan’n ta dwe nou t'ap gentan wè tout kote Jezi parèt nan Ansyen Testaman an. Anpil fwa nou louvri bib la lè nou fin tande kont pawòl sou li. Èske gen yon bagay mal nan sa? Mwen pa kwè sa. Èske li ka fè nou mal konpran pawòl Bondye a? Wi’l kapab! Meyè fason pou yon moun ta jwen kichoy nan bib la, fò’l ta kite tout move koze patipri yo te ba li yo e’l ta dwe kite le Sentespri revele’l tout sa Li te revele moun yo ki te ekri pawòl la. Anvan nou rantre nan tout pwofondè nan sijè sa a, mwen ta renmen konseye nou pou’n ta tache senti nou byen tache paske vwayaj ke nou pral fè a lè’l rive kèk kote li pra’l sekwe tout kò nou. Ouvè kè nou pou’n ka byen moulin tout pawòl nou pra’l li yo tankou verite nou poko jan’m ni wè ni tande.

Si nou rekonèt Jezi lè sèlman yo rele’l: Piti lèzom, Pitit Bondye a, Emanyèl, Mesi a, Kris la, ti Mouton an se kòm si nou pa realize ke gen yon lòt non yo bali nan bib la: 'Zanj Bondye a’. Fò’n pran san nou pou nou byen analize grad 'Zanj Bondye a’. Gen yon diferans ant ‘Zanj Bondye a’ ak ‘yon zanj Bondye’. Lèt ‘a’ ki parèt nan non an, fè nou konpran ke ya'p pale nou de yon zanj spesyal. Lè nou gade nan lis non ki kòmanse paragraf sa, nou ka wè ke menm lèt ‘a’ sa parèt nan yo. Se avèl nou ka idantifye ke se sèl Jezi ki ka eritye grad sa yo. Lè nou fin di tout sa, ki jan nou ka fè montre ke Jezi ka pran fòm yon zanj ? Nou ta dwe asosye yon non Zanj ak Jezi (Michèl). Non Michèl la, nan lang ebre a (Mikael), vle di : (1) ‘Ki tankou Bondye?’ (2) Yon zanj Bondye. Se sèl Jezi ki « … se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye. Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li’l te kreye yo » (Kolòs 1:15-16).

« Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa’l yo avè’l pou goumen ak Michèl. Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba’l dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo. Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye’l jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite’l. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete’l deyò nan sièl la » (Revelasyon 12:7-10).

Remake nan premye vèsè a ke premye gwoup zanj yo se pou Michèl ke yo ye, sa ta vle di mèt zanj yo se Bondye. Deske se Bondye ki mèt yo, sa vle di ke Michèl pa lòt moun men Bondyen menm. Nan senario sa bib la montre ke Jezi te konn pran fòm zanj anvan li te vin sou la tè. Kijan etalaj sa ta rive gen relasyon ak Ansyen Testaman an? Menm si aksyon an parèt nan liv Nouvo Testaman an, li te rive realize menm anvan premye liv Jenèz la. Na va eklèsi koze sa nan yo lòt atik.

Fòk nou realize ke se pa 'Jezi' yo te rele Sovè limanite a anvan li te vin ranpli misyon'n isit sou latè. Nou jwenn konfimasyon sa nan siyifikasyon ki asosye ak mo ‘Jezi’ a. Mesi a te dwe eritye non 'Jezi’ a nan kòmansman travay redamsyon li te vin ranpli a paske se sa ‘Jezi’ vle di: « Li pral fè yon pitit gason. Wa rele’l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche’l yo » (Matye 1:21). Dapre sa nou wè la, nou ka di ke chak non ke Seyè a resevwa gen pou’l wè ak travay ou byen fonksyon li gen pou’l egzekite. Anplis de sa, chak grad yo se swa yo kouvri sak te la anvan an ou byen sak vin aprè a:   Michèl egal Chèf zanj yo, Emanyèl egal Bondye avèk nou, Kris la egal Win Letènèl la, Zanj Bondye a egal Zanj ka'p pwoteje ak gide a. Denye non sa jwen siyifikasyon’l nan listwa Izrayèl men pi plis ankò nan Sòm 34:  « Zanj Seyè a kanpe bò kot tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. »

Nan yon pakèt pasaj nan Ansyen Testaman an, Jezi te parèt sou fòm yon zanj. Premye kote Li parèt konsa se nan istwa Aga a, manman Izmayèl:
« 7 Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la. 8 Li di’l konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen. 9 Zanj Seyè a di’l. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li. 10 Zanj lan di’l ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo. 11 Zanj lan di’l ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele’l Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a » (Jenèz 16:7-11).

1. Kesyon ki poze nan vèsè 8 la parèt menm jan nan liv Jòb la:  « Kote’w soti? Satan reponn: M' sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade! » (Jòb 1:7). Sètènman se pa pa aza sa te fèt. Fòk nou pa blye ke Seyè a kon'n tout bagay. Se pa konnen li pa't konnen kote ni Aga ak tout Satan te soti.
2. Se sèl Bondye ki ka pwononse benediksyon nou jwenn nan vèsè 10 paske se sèl li ki gen pouvwa pou’l fè kalite promès sa.
3. Nan vèsè onz lan, Zanj Bondye a revele sak pra’l gen pou pase nan la vi Izmayèl.
4. Anvan Aga a'l fè wout li, nou wè nan vèsè trèz la ke pawòl yo ki soti nan bouch ni moun ki te ekri liv Jenèz lan ansanm ak tout Aga fè nou konnen ak ki yès Aga t'ap pale : « Aga di nan kè’l. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè’m nan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele’l: Ou se Bondye ki wè’m nan. »

Yonn nan istwa ki pi popilè nan Bib la ki fè nou konprann ki kalite lafwa Abraram te genyen lè Bondye te mande’l pou’l te ofri Izarak sou mòn Morija moutre nou ke se Jezi Kris menm ki se ‘Zanj Bondye a.’ « 11 Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele’l: -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi! 12 Zanj lan di’l -Pa leve men’w sou ti gason an. Pa fè’l anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske’w pa’t derefize touye sèl pitit gason’w lan pou mwen. 13 Abraram voye je’l, li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. L’ale, li pran mouton an, li touye’l, li boule’l nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a. 14 Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li. 15 Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di’l konsa: 16 -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou’m beni’w anpil poutèt sa’w fè a. Ou pa’t refize ban mwen pitit ou a, sa’w pi renmen an. 17 Mwen pwomèt pou’m ba’w anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo. 18 Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa’m te mande’w fè a » (Jenèz 22:11-18).

Lè Bondye te mande Abraram pou’l ofri’l pitit gason’l te pi renmen an, bib la pran tout san’l pou’l moutre nou ke se Bondye ki te fè Abraram demand lan: « Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè’l. Bondye rele’l -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi! 2 Bondye di’l: -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye’l. Apre sa, w'a boule’l nèt pou mwen » (Jenèz 22:1-2) ; men nan vèsè 12 menm chapit sa, li sanble kòm si se Zanj Letènèl la ki te fè demann lan. Tèt ansanm ki genyen nan trinite a te oblije manifeste’l nan pasaj sa pou’l ka enfome lèzòm ke pa jan’m gen dezagreman lè syèl la pase yon lòd. Sa vle di ke tout moun yo dakò; ni Bondye le Sentespri, ni Bondye Papa, ak ni Bondye Pitit la. Se de dènye mo yo (‘pou mwen’) nan pasaj la ki moutre nou ke se menm moun nan ke yo rele ni Bondye ni Zanj Bondye : « Zanj lan di’l -Pa leve men’w sou ti gason an. Pa fè’l anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa’t derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen. » Yon lòt fwa nou kapab dekouvri, menm jan ak nan istwa Aga, Zanj Bondye a prononse e li pwomèt yon benediksyon men fwa sa li fè’l ak yon langaj ke Bondye sèlman konn itilize :

« Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di’l konsa: -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou’m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa’t refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen pwomèt pou’m ba ou anpil pitit pitit » (Jenèz 22:15-17). Nou jwenn menm kalite sèman sa nan Jeremi 49:13 ak Ezayi 45:23.

« Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram. Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè » (Denonbreman 22:8,31). Nou tonbe bab pou bab ak travay Zanj Bondye a nan istwa Balaram nan kote li fè tout moun wè ke’l ka fè yon bèt pale, li ka louvri yon pechè ki patka wè yon moun ki san peche, e pou’l pase Balaram lòd. « Zanj lan di’l konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa’t dwe al fè vwayaj sa a. Men bourik ou a te wè’m. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di’l mèsi, paske si li pa’t fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè’l anyen. Balaram reponn: -Sa’m fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa’t konnen se ou menm ki te bare wout la devan’m. Men si koulye a ou pa vle’m al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen. Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote’l yo » (Resansman 22:32-35).

Nan liv Jij la Zanj Bondye a di ke se li menm ki te delivre pèp Izrayèl la: « Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. 2 Nou menm, bò pa nou, piga nou fè okenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa’m te di nou fè a. Gade sa nou pito fè! 3 Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou. 4 Lè Zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye. 5 Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la » (Jij 2:1-5).

De twa chapit pi ba nan liv Jij la, Zanj Letènèl la parèt devan manman ak papa Samson. E se lè’l fin ale yo te resi rekonèt ke moun ki te vizite yo a se te Bondye ki te kreye syèl la ak tè a:
« 2 Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa’t janm ka fè pitit. 3 Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di’l konsa: -Ou pa’t janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason. 4 Piga ou janm bwè diven, ni okenn lòt bweson ki pou fè’w sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. 5 Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman’l, se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo. 6 Apre sa, madanm lan antre lal di mari’l: -Yon sèvitè Bondye te vin bò kote’m. Lè mwen gade’l, pou jan li te fè’m pè a ou ta di se yon Zanj Bondye. Mwen pa mande’l kote’l soti, ni li pa ban’m non li. 7 Li di’m konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason’w lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman’l jouk jou li mouri. 8 Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou’l ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la. 9 Bondye fè sa Manoak te mande’l la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa’t avè’l. 10 Madanm lan prese kouri al bay mari’l nouvèl la. Li di’l konsa: -Men moun ki te vin bò kote’m lòt jou a parèt devan’m ankò. 11 Manoak leve, li swiv madanm li. L'al jwenn nonm lan, epi’l di’l: -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen. 12 -Manoak di’l: -Bon. Lè tou sa’w di yo va rive, kijan pou’m elve ti pitit la? Kisa pou’l fè ak sa pou’l pa fè? 13 Zanj Seyè a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fè tou sa mwen di’l fè a. 14 Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni okenn lòt bweson ki pou fè’l sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande’l fè a. 15 Manoak di Zanj Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. 16 Zanj Bondye a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si’w vle, touye yon ti kabrit, boule’l nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa’t ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan’l. 17 Manoak di Zanj Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre. 18 Zanj Seyè a di’l: -Poukisa nou vle konnen non’m? Non’m se yon mèvèy. 19 Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. 20 Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè. 21 Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te Zanj Bondye a ki te parèt devan yo a. 22 Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye! » (Jij 13:2-22).

Nan pasaj sa nou wè ke Seyè gen yon pakèt kalite non. Pou’n kòmanse, ekriven an revele’l kòm ‘Zanj Seyè a’ (v.3). Dezyèmman, madanm Manoak a prezante’l kòm ‘yon sèvitè Bondye’ (v.6). Twazyèmman, lè Manoak mande Seyè a ki jan’l rele, men ki repons li te bay: ' Non’m se yon mèvèy' (v.18). Anfen, lè Zanj lan fin monte nan syèl, yo resi rekonèt ke se Bondye menm ki t'ap pale ak yo (v.22).

Èske nou panse Bondye ta ka pataje glwa li ak kreyati li yo? Èske nou panse Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb ta pèmèt yon simp zanj deklare tèt li kòm Bondye? « Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele’m. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an » (Ezayi 42:8). « Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa’m fè a. Eske’m ka kite yo derespekte non mwen? Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an! Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute’m byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje » (Ezayi 48:11-12). « Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè’m te avè’w la depi anvan ou te kreye tout bagay » (Jan 17:5).

« Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: -Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou’l fin ranmase kifè li rich konsa. 2 Jakòb vin wè ke Laban ta’p ba’l move jan. 3 Lè sa a, Seyè a di’l: -Tounen nan peyi kote’w te fèt la, al jwenn fanmi’w. M'ap toujou la avè’w. 4 Se konsa Jakòb te voye chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote’l nan savann kote bèt li yo ye a. 5 Li di yo: -Mwen wè ke papa nou ap banm move jan li pa menm jan avè’m ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa’m lan toujou avè’m. 6 Nou tou lè de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouraj mwen. 7 Men li menm, li toujou ap twonpe’m. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive poul peye’m. Men, Bondye pa janm kite’l fè’m anyen. 8 Lè Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo. 9 Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, e’l ban mwen yo. 10 Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo. 11 Zanj Bondye a pale avè’m nan rèv la, li di’m: Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi. 12 Li di’m ankò: Leve je’w gade: tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tout sa Laban ap fè’w. 13 Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la » (Jenèz 31:1-13). Pandan Jakòb te rekonèt mesaje a kòm 'Zanj Bondye a’, Zanj lan, ki se Jezi-Kris, di se Bondye menm ke’l ye e li pwofite fè’l sonje ke se avè'l Jakòb te fè fas nan Jenèz chapit 35.

« 10 Izrayèl te fin granmoun, je’l pa’t bon menm. Li pa’t kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kot papa’l. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra’l nan kou yo. 11 Izrayèl di Jozèf konsa: -Mwen pa’t gen espwa wè figi’w ankò, men Bondye fè’m wè ata pitit ou yo. 12 Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa’l. 13 Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa’l. 14 Men, Izrayèl kwaze men’l lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa’l t'ap fè lè’l te fè sa. 15 Li beni Jozèf, li di’l: -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè’m te fèt jouk jòdi a beni timoun yo. 16 Se pou zanj Bondye ki te delivre’m anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non’m ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple yon bon valè moun sou tè a » (Jenèz 48:10-16).

Gade pou nou wè ki jan Jakòb, nan dènye vèsè a, deklare ke ‘Zanj la’ se Bondye menm ke’l ye kote li idantifye'l kòm moun ki delivre’l la, men tou, kòm sila ki pral beni pitit gason’l yo. Menm jan Sentespri a te gen pou’l vin temwaye ki yès Kris la te ye lè’l te fin monte nan syèl (Jan 15:26) konsa tou Jakòb te bay temwanyaj sou do Jezi anvan li te vin viv sou tè a tankou yon moun.

Ann fè yon kout pye nan yon lòt pasaj nan bib la ki prezante nou rankont Moyiz la ak ti touf bwa a ki te gen dife la dan’n kote gen anpil moun ki apèn remake prezans Zanj Letènèl la : « Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè’l, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. Zanj Seyè a parèt devan’l sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule. Lè sa a, Moyiz di nan kè’l: -Kite’m pwoche pi pre pou’m wè bagay dwòl sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule? Lè Seyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou’l gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele’l, li di: -Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: -Men mwen wi. Bondye di: -Rete kote’w ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye’w, paske kote’w kanpe a se yon tè ki sen. Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi’l, paske li te pè gade Bondye » (Egzòd 3:1-6).

Bib la pap prezante nou de moun diferan nan mitan touf bwa a. Lè non 'Bondye' ak 'Zanj’ lan ap plede boukante se pa pou’l mete konfizyon nan lespri moun ka'p li istwa a, men pito se pou’l ka demoutre ke moun ka'p pale ak Moyiz la se li menm ankò ki bay tèt li tout non sa yo. Dèske atik sa se eksplikasyon ak eklèsisman l’ap pote sou idantite ‘Zanj Bondye a’, nou jwen yon non ke Moyiz te tande nan bouch Zanj lan e ke lè Jezi t'ap pale ak Farizyen li te repete menm non sa pou tèt li. An’n fwote tou lè de vèsè yo nan zye nou. « Bondye di Moyiz: -Mwen se Mwen. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa’m ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo. » (Egzòd 3:14). Nan Jan 8:58, Jezi fè Farizyen konnen a tout li parèt pi piti nan laj ke Abraram li te la anvan Abraram « Sa m'ap di nou la a, se vre wi: anvan Abraram te li menm, Mwen se Mwen. »

Zanj Bondye a te parèt nan lòt liv nan bib la tankou: Egzòd 14:19; 23:20; 32:34; Jij 5:23; 6:11; 13:3, 13; 2 Samyèl 24: 16; 1 Wa 19:7; 2 Wa 1:3; 2 Wa 19:35; 1 Istwa 21:12, 27; Zakari 3:1;

« Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè’m ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa’m ban’m fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen. Papa ki voye’m lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa’l, ni nou pa janm wè figi li. Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a. N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an » (Jan 5:36-40).

"Kite peche, paske wayòm Bondye a tou pre" Matye 4:17